Operasyon fè Channmas Bèl
Dimanch 15 Oktòb 2017 - Meri PòtoPrens komanse OPERASYON FÈ CHANNMAS BÈL. Popilasyon an te deplase an mas pou vin pote kole ak Meri a, nan sa ki senbolize yon angajman sitwayen nan ede Meri PòtoPrens refè figi plas piblik sila yo. Meri a ap kontinye travay pou bay popilasyon an plis sèvis, pandan l'ap kontinye goumen pou refè eskanp figi Kapital la. Ansanm, n'ap rive fè PòtoPrens reviv tout bon vre.